Yon edikasyon mawoule san sansasyon nan lang matènèl li

dscn1208
Chak peyi ki goumen pou l soti nan chenn esklavaj yon lòt peyi, pwemye enèji l ap deplase nan zantray tout moun ki vin lib yo se lang matènèl yo. Menm deplasman sa pral gen gwo konsekans sou lavi peyi a an jeneral, tankou sou devlopman l ak tout avni l. Sa ta vle eksplike w ap gen pou w aprann pou yo, jan yo vle ak metòd pa yo. Pi gwo pyèj ki pral genyen se menm yo menm ankò ki pral di ou mal aprann pou yo kapab mete w nan nas yo pou yon nouvo sistèm esklavaj modèn. Yo montre w tout sa w aprann gen pwoblèm. Kounya w vin sijè ak yon lòt inyorans sa vle di: si w vwayaje kòm kontab, enjenyè oubyen lòt tit, yo ka chwazi w kòm ouvrye nan konstriksyon, y ap voye w nan agrikilti ak nan lave asyèt pou yo.

Tout deplasman sa n ap pale a se tankou yon konplo ki fèt pou w moutre gwo efò w ka fè nan lòt lang pou w ka bliye zantray pa w. Epoutan w ta dwe konsidere lòt lang yo kòm koneksyon ak lòt pèp, men se pa pou w ta konfonn idantite w ak yo. Sa gen pou li anjandre yon pakèt pwoblèm jiskaske w ka wè sistèm edikasyon w ap plonje pi ba si responsab yo rete nan pyèj sa. Se tankou yo konnen solèy leve alès, sa vle di agòch kote ki gen rapò ak tout enèji ki bon yo. Epi yo pran w nan sans ki bon an , yo voye w alwès kote ki gen ak wè ak lanmò. San w pa ale pi lwen, gade edikasyon w, gade kilti w, devlopman w, gade ou menm, gade enstitisyon w yo, gade vyeyès ou ak jenès ou.

Absans lang ou kontinye ap fè w panse sa yo vle w panse, fè w abiye jan yo vle w abiye, ou pa gen amoni nan mitan w, se yo k ap mete w chita pou w ka rekonèt lòt yo se frè w ak sè w paske w tèlman pa konn idantite w. Lè pi gwo fòs sa ale nan lavi yon pèp, l ap pi fasil wè dega k ap fèt nan peyi l ak yon leta ki pa granmoun tèt li tankou fenomèn apokalips, men fòk gen nan nou ki di jan w trete lang lakay ou kontribye nan tout fòmasyon w pou lòt kwen latè yo. Gen anpil rezon ki k ap fè w echwe nan yon lòt lang. Pwemyèman w p ap ka devlope lòt pèspektiv nan sa w ap aprann lakay ou pou w ka devlope peyi w. Paske objektif ènmi an se wè w rete nan yon depandans san fen pou yo ka toujou renouvle feblès ou nan tout lòt peyi.

Dezyèman menm lè w ap reflechi, men w pa gen solisyon dirab w ap pote, ap toujou gen esklizyon. Lè se yon lòt lang, tout grandèt ki pa konn li ak ekri p ap ka bay mesaj ki soti nan dimansyon enteryè yo kòm langaj ki soti nan vwa yo pa konnen. Pa bliye se nan liv zòt w ap itilize pou w dekouvri savwa ak konesans, sa k ta bon pou ou se lè w gen tèt pou w kenbe idantite w pouw pa pran nan pwazon zòt yo. Fok ou ka wè se menm zòt ki ba w liv yo, lang yo, metòd pa yo ak espesyalis pa yo. Se menm yo menm ki pral di w pa byen fòme  epi edikasyon w ap bese chak ane ki pase. Nan demach sa l ap pi bon pou leta pran sa kòm preyokipasyon pou w ta pèmèt tout moun panse nan lang manman yo.

Se pwemye travay ki pral di non ak okipasyon lè sa zòt ka respekte sa w di yo, men yo p ap panse nan plas ou e yo p ap ka pale pou ou paske langaj pa w se langaj ki genyen fòs pou ouvri chimen libète, respè pou tout pandan w ap tou retounen ak peyi anpèrè Desalin te reve a. Kounye a devlopman peyi w ap depann de ou ak tout moun k ap dirije ki responsab. Miwa w se pap zòt, se ou menm ankò k ap di wi pou sa ki bèl non pou salte, wi pou demokrasi non pou dechoukay, wi pou bon jan edikasyon non ak chalatan, wi ak solidarite non ak depandans, wi ak pwodiksyon lokal non ak pèpè, wi ak bon jan lekòl non ak lekòl boutik, wi ak bon jan konstriksyon non ak konstriksyon anachik, wi pou lidè pedagojik non ak direktè tèt mato.

Echèk edikasyon nan yon peyi soudevlope pa depann de sistèm lakay li a sèlman si pitit li yo p ap aprann nan lang matènèl yo. Se yon lapli ki tonbe k ap mouye tout moun ak tout konplis. Sa ta eksplike se echèk tout peyi ki dominel pa pwòp lang yo e ki ofri yon édikasyon nan dimansyon kolonize ou byen pou yon lekòl esklizyon de lòt ki pi mal yo. Gendelè yon lòt ouragan parèt pi rèd se lè menm peyi sa yo pran timoun san fanmi leta pa pran anchaj epi yo edike yo nan yon lang etranje apre 18 lane yo remèt ou yon sitwayen ki gen dout sou idante l. Koman w vle pou genyen yon jèn konsa k ap reflechi sou devlopman peyi li. Se pa posib menm paske yo dekonekte l ak tout rasin li e ak zantray fòs pou l vanse. Se yon kolonizasyon modèn nan yon peyi kote leta pa fò. Fok tout moun konprann ke echèk sa yo retade avansman peyi a nan tout sak gen pou wè ak devlopman. Dirijan nan pi gwo kwen latè yo konnen byen meyè fason pou yo detounen enèji tout ti pèp se fèl bliye rasin pou l swiv yo kote  yo vle ale  avèk yo.

Pou tout pwoblèm sa yo rezoud fòk nou gen moun ki konnen valè chak lang epi ki pare pou yo mete pa yo a ann avan nan tout sa y ap regle nan peyi yo. Epi fòk basen ki benyen tout pitit peyi a genyen tout sa ki esansyèl pou pi bon zouti lang matènèl la kòm replik ki konsève valè ak onè ki dwe limen flanbo peyi a pi wo, paske avèk lang manman w ou se gran nèg ou se gran fanm.

 

Pétuel Ericin,
Psycho-éducateur, Ecrivain
Kreyolofoni Ayiti

LAISSER UN COMMENTAIRE

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion / Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion / Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion / Changer )

Photo Google+

Vous commentez à l'aide de votre compte Google+. Déconnexion / Changer )

Connexion à %s